У нас вы можете посмотреть бесплатно Plis pase 40 jèn pare pou pran mache travay la aprè yon estaj nan ODVA или скачать в максимальном доступном качестве, видео которое было загружено на ютуб. Для загрузки выберите вариант из формы ниже:
Если кнопки скачивания не
загрузились
НАЖМИТЕ ЗДЕСЬ или обновите страницу
Если возникают проблемы со скачиванием видео, пожалуйста напишите в поддержку по адресу внизу
страницы.
Спасибо за использование сервиса ClipSaver.ru
Anviwon karantèn jèn finisan pran yon nouvo etap nan chemen pwofesyonèl yo, madi 17 mas 2026 la, pandan seremoni kloti 4èm edisyon pwogram estaj Òganis Devlopman Vale Latibonit (ODVA) te òganize. Se Direksyon Jeneral ODVA, an patenarya ak Komisyon Jesyon Estaj ak Anplwa (CGSE), ki te mete ansanm aktivite sa a pou make fen yon peryòd fòmasyon ki te rasanble etidyan ki soti nan plizyè inivèsite ak lekòl teknik atravè peyi a. Pandan plizyè mwa, estajyè yo te gen opòtinite pou yo devlope kapasite yo, fè eksperyans sou teren, epi familyarize yo ak fonksyònman anviwònman pwofesyonèl la. Pwogram nan te vize ranfòse konpetans jèn yo pou fasilite entegrasyon yo sou mache travay la. Nan entèvansyon yo, responsab ODVA ak CGSE yo mete aksan sou enpòtans estaj kòm yon etap kle nan fòmasyon jèn yo. Yo envite patisipan yo kontinye travay ak serye epi mete an valè konesans yo akeri yo. #actualités #rtvc #news #haïti #infoshaïti #culturehaïtienne #education #information #musiquehaitienne #criseenhaïti