У нас вы можете посмотреть бесплатно Rigaud Duverne- Happy Day или скачать в максимальном доступном качестве, видео которое было загружено на ютуб. Для загрузки выберите вариант из формы ниже:
Если кнопки скачивания не
загрузились
НАЖМИТЕ ЗДЕСЬ или обновите страницу
Если возникают проблемы со скачиванием видео, пожалуйста напишите в поддержку по адресу внизу
страницы.
Спасибо за использование сервиса ClipSaver.ru
This disclaimer essentially states that you are using copyrighted material in your video, but are doing so under the "fair use" doctrine, which allows for limited use of copyrighted material for certain purposes such as criticism, commentary, or teaching. It's important to note that the fair use doctrine is open to interpretation and there is no guarantee that your use of copyrighted material will be considered fair use. It's always best to err on the side of caution and seek permission from the copyright holder before using their material in your videos An Ayiti, si w ap chèche yon bon chantè, yon bon mizisyen, premye kote pou w fè yon kout tèt se anndan legliz. Legliz se yon nich ki pa janm sispann pouse talan «atistik». Ou gen enpresyon yo jwen yo jwen yon benediksyon espesyal nan men Gran Mèt la ki ba yo don an. Nivo mizisyen evanjelik sa yo pa yon sekrè pou pèsonn e jodi a yo epate nou plis toujou paske yo jwe tout stil mizik. Si gen moun ki te konn plenyen lè yo te konn wè kèk gwoup kite stil « negro spiritual », « Acapella », « Classic » pou yo pase nan bon jan « Konpa », ki fè wè ki ras, ki nasyon k ap jwe, k ap louwe, kounyeya yo chanje, evolye, paske yo alèz pou yo adore nan gwo bit « Rap », ki pa yon pwoblèm pou nou paske se Bon Dye ki mèt tout stil mizik. Jodi a, mizik tèlman jwe yon gwo wòl nan legliz, ou ka sezi wè pastè a pa moun manm yo plis anvi tande. Yo tout ap siveye « psalmiste » la, « evangelis » la ki pwal anime adorasyon an. Nan rejis tout « psalmiste » ki pase nan sektè evanjelik Ayiti a, li enpòtan pou nou vire kamera nou sou yon Atis wotpòte, Rigaud Duverné, ki kite anpwent li nan « milye » a, yon anpwent ki pap janm efase. Rigaud fèt nan Pòtoprens nan lane 4 feviye 1957, men papa l Adam Duverné sòti nan vil Léogane e manman l, Dieula Michel, fèt nan vil Jakmèl. Depi timoun, Rigaud ap grandi nan legliz, l ap aprann chante, jwe mizik. Jèn ti gason, nou jwen li ap jwe twonpèt nan gwoup « Echo Céleste » ansanm ak frè li Charly, pandan ke lòt frè li, Daniel t ap evolye nan « Lumière Céleste – Sainte Trinité ». yon ti tan aprè, nou pwal jwen Rigaud nan « Étincelles de l’Évangile », kote li te dezyèm basis. Nou byen di dezyèm, paske li te dèyè Emilio Macéus, ki te gen jwèt non li Ti Bas, ki li menm te abitye jwe nan lòt gwoup, ki pa gwoup legliz. Yon bon jou, Ti Bas monte avyon pati al jwe aletranje ak Atis Rodrigue Milien epi tou kole, se konsa Rigaud pwal pwan plas li kòm basis. Vizyon Rigaud te ale pi lwen ke kote li te ye a, paske li pat vle rete nan rejis chante nan lang Kreyòl la sèlman, se pou sa li pwal rale kèk manm « Étincelles », tankou Wilda Brun, Gladys Audate epi li fòme yon gwoup ki rele « Helping Hands », kote yo te chante nan plizyè lang, pami yo, Fransè ak Anglè. Zafè lang etranje a pwal louvri lòt pòt sou karyè Atis la paske talan li pwal rive nan lòt zòrèy, nan lòt peyi. « Helping Hands » pwal kòmanse vwayaje al pèfòme aletranje epi anrejistre anpil siksè. Talan Rigaud pwal eklate nan figi tout moun, paske li te konn ekri chante, li te konn chante e li te jwe prèske tout enstriman mizik. Rive yon moman, gwoup la sispann fè monte desann, yo tou rete tabli nan peyi Ozetazini e se nan legliz Pastè Gesner a gwoup la plante pikèt li. Gwo fanatik Mike Brandt, Bob Marley ak Elvis presley, Rigaud pwal kòmanse fè de seri de aranjman wololoy, ki fè piblik la plis renmen l toujou. Rigaud sòti plizyè album tankou : Christmas, Charité, Pa genyen plas nan kè m pou ògèy ak Temwayaj. Byen bonè nan mwa fevriye 1985, li pot ko fete 28 lane depi li fèt, Rigaud Duverné mouri, li kite nan tristès madanm li ki te youn nan chantèz nan gwoup la. Enfliyans li te tèlman gran, li kite eritaj la pou jenerasyon Duverné ki vini aprè a, tankou pitit li Mike, neve li Poppy ke moun pa bezwen chèche prezante ankò, paske talan yo pale pou yo deja.