У нас вы можете посмотреть бесплатно Tèm Nostaljik ( Official Haïti's musician theme) или скачать в максимальном доступном качестве, видео которое было загружено на ютуб. Для загрузки выберите вариант из формы ниже:
Если кнопки скачивания не
загрузились
НАЖМИТЕ ЗДЕСЬ или обновите страницу
Если возникают проблемы со скачиванием видео, пожалуйста напишите в поддержку по адресу внизу
страницы.
Спасибо за использование сервиса ClipSaver.ru
NOSTALJI Prezan, pase, se zèl ki bay tan direksyon Lè van sakaje souvni nouLè nan fiti, nou vle kole moso yo ; nostalji Mizik pote vwa nanm nou ale byen lwen Jouk nan zòrèy tan, san patisyon… Lè regrè kata bagèt byen fò Sou do tanbou rezistans nou Pase, pase la, pou n rekòlte lèzonyon Lè ant lalin ak solèy nou pa konn sa n pito Pandan tonton bouki ap bwè pepsi kola Nan kouri lago deli, waganègès al mè Nan endous piman pike tou cho Gou ensekirite pa met lang deyò Bon souvni yo manke nou ; nostalji Nou vle reviv, relimen 3 wòch dife lajwa n Reviv sa okenn mo pa janm ka di Reviv tout paj nan chapit kilti n Rejèmen tout abitid ki makònen n Repase pase n nan paswa, triye sa k pasab Replante grenn ki te jèmen moso lajwa Lè yon moso nan nanm nou pati, nostalji Pase, pase la, pou n rekòlte lèzonyon Lè ant lalin ak solèy nou pa konn sa n pito Pandan tonton bouki ap bwè pepsi kola Nan kouri lago deli, waganègès al mè Nan endous piman pike tou cho Gou ensekirite pa met lang deyò Bon souvni yo manke nou ; nostalji Tèks: Julien ST VAL ------------------------------------------------------------------------------------------------------ Mizik travèse nanm, mizik transmèt mesaj mo yo pa rive transmèt. Li se youn nan zouti pou pèmèt nou libere epi eksprime tout kalite emosyon nou te ka genyen tankou: lajwa, kòlè, laperèz, tristès oubyen Nostalji. Mo yo toujou manke m chak m vle eksprime m, se pou sa m kite se mizik la ki pale nan plas mwen. E m pran yon ti tan pou m fè yon deskripsyon de mizik la yon fason pou menm moun ki pa yon inisye nan mizik ka rive konprann mesaj la. Mizik la rele Tèm Nostaljik, mwen chwazi bal tit sa paske m vle dekri yon tris reyalite nan peyi nou Ayiti. Se yon Nostalji ki chita nan kè chak ayisyen, sitou jèn yo swa ki nan peyi nou oubyen lotbò dlo ki gen yon ansanm valè tradisyonèl yo abandone, swa paske laj ap antre sou yo, swa paske sitiyasyon sosyal ak jewografik pa pèmèt yo antre nan yon anbyans pou yo jwe oubyen pran plezi (ayisyènman)... Nan mizik sa nap dekouvri plizyè ti melodi nou te konn chante lè nou te konn ap fè jwèt, tankou : Lè Zonyon ki te bon mache, Mayi a nan solèy elt... Timoun konnya yo petèt pa konnen mizik sa yo paske yo abandone tradisyon sa yo. Se yon tris reyalite, lè nou konnen ki enpòtans tradisyon yo gen nan konstriksyon yon nasyon. M pap pale plis, m kite nou pou nou viv mizik la jan nou vle, si posib mete kas 🎧 pou w koute pi byen.