У нас вы можете посмотреть бесплатно Enpòtans Lang Kreyòl pou Ansèyman-Aprantisaj - Pati 1 или скачать в максимальном доступном качестве, видео которое было загружено на ютуб. Для загрузки выберите вариант из формы ниже:
Если кнопки скачивания не
загрузились
НАЖМИТЕ ЗДЕСЬ или обновите страницу
Если возникают проблемы со скачиванием видео, пожалуйста напишите в поддержку по адресу внизу
страницы.
Спасибо за использование сервиса ClipSaver.ru
Kreyòl pale, kreyòl konprann ! Lang manman nou se kreyòl. Men, sistèm edikasyon peyi nou minimize lang kreyòl la. An n brase lide sou baryè k ap bloke aprenan yo lè lang yo konprann, lang yo itilize pou esprime yo, se pa lang sa a ki sèvi kòm lang prensipal nan sal klas, nan manyèl, nan egzamen, e latriye. Ki enpòtans chwa lengwistik sa yo pou aprenan yo, pou anseyan yo, pou sosyete a e pou lavni peyi nou? Nan okazyon mwa kilti ak lang kreyòl, nou te gen opòtinite òganize yon bèl seyans pataj avèk Pwòf Michel DeGraff ki ofri nou ekspètiz li sou sijè sa a. Nan premye epizòd sa a, n ap envite w vin tande e aprann pi plis sou Inisyativ MIT-Ayiti. MIT-Ayiti se yon platfòm an liy pou n ofri bon jan resous nan lang manman ak papa nou bay edikatè k ap feraye pou yon demen miyò ann Ayiti. Platfòm MIT-Ayiti se yon konbit (yon mouvman sitwayen) kote Ayisyen ak Ayisyèn ap kole zepòl e met tèt ansanm pou devlope yon bibliyotèk nimerik pou yon lekòl tèt an wo ann Ayiti. Objektif Inisyativ MIT-Ayiti se fè bèl kalte edikasyon vin aksesib pou tout aprenan ann Ayiti — tou patou, nan tout klas sosyal. Vin brase lide avèk nou sou yon sijè enpòtan!