У нас вы можете посмотреть бесплатно Ayiti/Insekirite – Latibonit leve kanpe : Wout Nasyonal #1 paralize, Gran nò koupe ak rès peyi a или скачать в максимальном доступном качестве, видео которое было загружено на ютуб. Для загрузки выберите вариант из формы ниже:
Если кнопки скачивания не
загрузились
НАЖМИТЕ ЗДЕСЬ или обновите страницу
Если возникают проблемы со скачиванием видео, пожалуйста напишите в поддержку по адресу внизу
страницы.
Спасибо за использование сервиса ClipSaver.ru
Depi jedi 25 desanm 2025, yon mouvman leve kanpe pete sou Wout Nasyonal #1, prensipal aks ki lye Pòtoprens ak Okap. Ant vil Sen Mak ak Lestè, tout sikilasyon paralize, tankou si tout yon peyi bloke nan bouda li. Revandikasyon an klè : ase se ase! Pèp Latibonit la bouke viv ak insekirite san fen, san repons. Se chak fwa nou pran wout, se lavi nou nap jwe. Gang pa sispann menase, otorite pa di anyen. Jodi a, se vwa nou nap fè tande se sa yon manifestan fache mete devan mikwo. Manif la pa fèt nan anyen : li vini apre plizyè atak sanglan, kidnaping, blokaj wout, ak lanmò inosan ki vin tounen woutin nan plizyè komin Latibonit tankou Liancourt, Savien, Lestè ak Ponsonde. Popilasyon an leve, pa pou kraze, men pou mande jistis. Nan moman nap ekri, wout la toujou fèmen. Pa gen prezans lapolis, pa gen deklarasyon ofisyèl. Junior Racine RTVC