У нас вы можете посмотреть бесплатно Valentina Saint-Georges libere aprè plizyè mwa detansyon nan Prizon Sivil Sen Mak. или скачать в максимальном доступном качестве, видео которое было загружено на ютуб. Для загрузки выберите вариант из формы ниже:
Если кнопки скачивания не
загрузились
НАЖМИТЕ ЗДЕСЬ или обновите страницу
Если возникают проблемы со скачиванием видео, пожалуйста напишите в поддержку по адресу внизу
страницы.
Спасибо за использование сервиса ClipSaver.ru
Valentina Saint-Georges, yon jèn fi 18 an, jwenn liberasyon li aprè plizyè mwa li te pase dèyè baro nan Prizon Sivil Sen Mak. Yo te arete li 25 jen 2025 nan zòn Ponsondè. Depi jou arestasyon an, Valentina tap viv dèyè miray frèt prizon an, lwen fanmi li ak lwen chalè libète. Pandan tout tan sa a, li t ap pote yon lòt lavi anndan li. Jèn fanm lan, ki soti Delma, te deja ansent lè fòs lòd yo te mete men sou li. Daprè enfòmasyon ki disponib, dosye a ta gen rapò ak yon gwoup ame yo idantifye sou non “Alex”. Ka a te soulve anpil kestyon nan opinyon piblik la, sitou akoz sitiyasyon delika jèn fi a. Apre plizyè mwa detansyon prevantiv ak divès demach legal, Mèt Markenson Augustin, avoka Valentina, konfime ke kliyan li a jwenn liberasyon li vandredi 7 fevriye 2026. Desizyon an te pran devan Jij Jones Surpris, pandan Dwayen Tribinal Premye Enstans Sen Mak la, Mèt Exumé Fleurimond, te jwe wòl Ministè Piblik nan dosye a. Liberasyon sa a rive nan yon moman kote kestyon sou detansyon prevantiv pwolonje, espesyalman pou fanm ansent, ap kontinye fè gwo deba nan sosyete ayisyèn nan. Dosye Valentina a relanse diskisyon sou balans ki dwe egziste ant aplikasyon lalwa ak konsiderasyon imanitè. Pa bliye, nan mwa desanm 2025, PNH te arete konkibin yon chèf gang pandan li te ak yon tibebe nan bra li. Imaj sa a te frape lespri anpil moun e li te poze kestyon sou limit ant jistis, sekirite ak reyalite sosyal la. Jodi a, Valentina pa dèyè baro ankò.