У нас вы можете посмотреть бесплатно Bondye Bondye или скачать в максимальном доступном качестве, видео которое было загружено на ютуб. Для загрузки выберите вариант из формы ниже:
Если кнопки скачивания не
загрузились
НАЖМИТЕ ЗДЕСЬ или обновите страницу
Если возникают проблемы со скачиванием видео, пожалуйста напишите в поддержку по адресу внизу
страницы.
Спасибо за использование сервиса ClipSaver.ru
[Refrain] Bon Dye, Bon Dye, pou ki sa ou lage mwen M’ap fè soupi ni ou pa voye je. Ou pa reponn yon sèl Papa mwen genyen. Nan pye ou sèl kè mwen gen pou l’ plenyen. [Verse 1] Depi Adan ni No-ye ni Abraram, Papa nou yo, konfye nan ou, Ou sove yo, kan yo te rele ba ou Ou ki yon Dye, toutan namou. [Refrain] Bon Dye, Bon Dye, pou ki sa ou lage mwen M’ap fè soupi ni ou pa voye je. Ou pa reponn yon sèl Papa mwen genyen. Nan pye ou sèl kè mwen gen pou l’ plenyen. [Verse 2] Mwen menm elas, se dri-ve mape dri-ve Mwen se yon ront, yon vye fatra. Tout moun moke m, yo pase m anba rizib, Yap plede di, se ou m konnen. [Refrain] Bon Dye, Bon Dye, pou ki sa ou lage mwen M’ap fè soupi, ni ou pa voye je. Ou pa reponn, yon sèl Papa mwen genyen. Nan pye ou sèl, kè mwen gen pou l’ plenyen. [Verse 3] Yo di: «Nap wè, se pou Bondye sove li, Li se pitit, Bondye renmen» Reyèlman vre, se ou ki te fòme mwen, ou mete mwen, sou bra manman m [Refrain] Bon Dye, Bon Dye, pou ki sa ou lage mwen M’ap fè soupi, ni ou pa voye je. Ou pa reponn, yon sèl Papa mwen genyen. Nan pye ou sèl, kè mwen gen pou l’ plenyen. [Verse 4] Mwen pat ko fèt, deja ou te sèl Dye mwen, Chagren va tCHwe m, si w rete lwen m, Lapenn fènwa, va fini ak pitit ou, Pap gen pèsonn, pou pote mwen. [Refrain] Bon Dye, Bon Dye, pou ki sa ou lage mwen M’ap fè soupi, ni ou pa voye je. Ou pa reponn, yon sèl Papa mwen genyen. Nan pye ou sèl, kè mwen gen pou l’ plenyen. [Verse 5] Mwen fin defèt, tout mwen menm fin dejwente. Kè mwen vin mòl, tankou lasi. Gòj mwen seche, kòm yon vye moso tòchon, E nan bouch mwen, lang mwen kole. [Refrain] Bon Dye, Bon Dye, pou ki sa ou lage mwen M’ap fè soupi, ni ou pa voye je. Ou pa reponn, yon sèl Papa mwen genyen. Nan pye ou sèl, kè mwen gen pou l’ plenyen. [Verse 6] Ala malè, ki vin kraze pitit ou. Ala pasay, ki fonn sou mwen, Moun yo pèse, de men mwen ni de pye mwen, Yo blayi mwen, nan ran lanmò. [Refrain] Bon Dye, Bon Dye, pou ki sa ou lage mwen M’ap fè soupi, ni ou pa voye je. Ou pa reponn, yon sèl Papa mwen genyen. Nan pye ou sèl, kè mwen gen pou l’ plenyen. [Verse 7] Zo nan kò mwen, yo konte yo yonn an yonn, Yo touye mwen, avèk mepri, Yo pran rad mwen, yo separe l antre yo. Tire-osò, pou manto mwen. [Refrain] Bon Dye, Bon Dye, pou ki sa ou lage mwen M’ap fè soupi, ni ou pa voye je. Ou pa reponn, yon sèl Papa mwen genyen. Nan pye ou sèl, kè mwen gen pou l’ plenyen. [Verse 8] Mon Dye souple, pa rete lwen pitit ou. Ou sèl fòs mwen, pote m sekou. Mon Dye souple, souple sove lavi mwen. Ou fin kreye m, pa fè m peri. [Refrain] Bon Dye, Bon Dye, pou ki sa ou lage mwen M’ap fè soupi, ni ou pa voye je. Ou pa reponn, yon sèl Papa mwen genyen. Nan pye ou sèl, kè mwen gen pou l’ plenyen.