У нас вы можете посмотреть бесплатно KISA KI KONSTIPASYON AN? или скачать в максимальном доступном качестве, видео которое было загружено на ютуб. Для загрузки выберите вариант из формы ниже:
Если кнопки скачивания не
загрузились
НАЖМИТЕ ЗДЕСЬ или обновите страницу
Если возникают проблемы со скачиванием видео, пожалуйста напишите в поддержку по адресу внизу
страницы.
Спасибо за использование сервиса ClipSaver.ru
Eske w te konnen tout bagay sa yo sou #KONSTIPASYON? Kisa li ye ? Ki koz ki ka fè yon moun konstipe ? Ki prevansyon nou ka fè pou nou pa konstipe ? Konstipasyon an se pa lè yon moun balonnen ki fè yon jou li pa ka twalèt men pito se yon moun ale nan twalèt mwens ke 3 fwa nan semèn pandan plizyè mwa swivi . Nan mond la sou chak 5 moun gen yonn ladann yo ki konstipe swa plis ke 150 milyon moun nan mond la. Gen yon fanm sou 2 ki konstipe nan mond la. Konstipasyon an plis frekan kay fanm, kay granmoun ak ti bebe ki pran lèt nan bibwon. Twalèt la ki nan vant moun nan ka ret bloke swa nan kolon an sa yo rele gwo trip la oubyen nan rektòm nan pati final gwo trip la. Konstipasyon an kapab okazyonel oubyen kronik, Okazyonel : moun nan konstipe yon lè konsa e li pa dire sou li Kronik : se lè moun nan konstipe pandan plis ke 6 mwa. Ki koz ki ka fè yon moun konstipe ? 1. Si yon moun pa manje ekilibre 2. Gen kèk medikaman tankou: medikaman. kont maladi depresyon, maladi kè, maladi sik ak medikaman kont doulè ( mòfin), medikaman kont asid 3. Si yon moun pa pran abitid al nan twalèt lèl gen twalèt 4. Si moun nan pa fè espò oubyen egzèsis fizik 5. Manke bwè dlo 6. Gen kèk maladi ki bay konstipasyon tankou: (Timè nan sistèm dijestiv la, maladi tiwoyid, maladi sik) 7. Fanm ansent kabap konstipe Siy ak sentom 1. Doulè pou moun nan twalèt e li twalèt yon tika(tou piti) e li kapab di tou 2. Doulè nan vant 3. Bolonnen Ki prevansyon nou ka fè ? 1. Bwè anpil dlo swa 2.5 lit dlo chak jou 2. Bwè yon jis ki abaz agrim tankou : ji zoranj, ji sitwon.... 3. Manje anpil fwi, legim, ak sereyal ki rich an fib tankou : pwa, kiwi, pòm, chou .... 4. Fè espò pou pipiti 3 fwa nan semèn nan pandan 30 minit omwen 5. Evite pran medikaman siw pa gen nesesite 6. Mastike byen tout sa nap manje 7. Pran tann w pou w ale nan twalèt 8. Bay vant ou masaj 9. Evite medikaman ki pou relachew pou al nan twalèt (laxatif) WebSite https://zoom509.com/