У нас вы можете посмотреть бесплатно Alix Didier Fils-aimé voye yon mesaj piman bouk bay minis yo.Jacques Bleck kidnape nan vil Jacmel или скачать в максимальном доступном качестве, видео которое было загружено на ютуб. Для загрузки выберите вариант из формы ниже:
Если кнопки скачивания не
загрузились
НАЖМИТЕ ЗДЕСЬ или обновите страницу
Если возникают проблемы со скачиванием видео, пожалуйста напишите в поддержку по адресу внизу
страницы.
Спасибо за использование сервиса ClipSaver.ru
1-Premye minis Alix Didier Fils-Aimé te prezante ofisyèlman nouvo gouvènman ayè madi 3 mas 2026 sa nan vila Dakèy. Nan okazyon seremoni an Premye minis lan,te anonse gouvènman an ap travay pou ranfòse Polis Nasyonal la, Fòs Lame ( FAD'H) a,ak Fòs Represyon Gang lan ( FRG), pou yo kapab pran tout espas ki sou kontwòl gang yo,epi òganize eleksyon lib kredib ak demokratik nan tout peyi a. Premye minis lan te remèsye tout zanmi entènasyonal yo,pou angajman yo pran pou ede peyi a jwenn yon lapè dirab. Nan diskou li, Chèf Gouvènman an salye sans angajman ak lespri sakrifis manm gouvènman ki t ap kite plas yo, ki te travay nan yon kontèks kriz ki te difisil anpil, pandan yo te mete enterè siperyè Nasyon an an premye. « Konpatriyòt mwen yo, seremoni jodia pa yon senp chanjman, se rezilta yon angajman politik ki sòti nan Pak Nasyonal pou Estabilite ak Òganizasyon Eleksyon. Pak sa se prèv lè peyi a an danje, nou kapab mete tout diferans nou sou kote pou n sove sa ki pi enpòtan, ki se peyi Dayiti. Avèk Pak sa, nou pran angajman pou n fòme yon kabinè ministeryèl ki enpasyal, teknik epi efikas. » « Tan bèl diskou a pase. Jodi a, se lè pou aksyon. » Premye Minis lan,di li gen konfyans nan konpetans ak sans responsabilite nouvo manm Kabinè ministeryèl la. Li mande yo pou yo jere resous piblik yo avèk onètete, disiplin ak transparans. Chak goud ki depanse dwe sèvi dirèkteman popilasyon an, pou bati yon administrasyon piblik modèn, efikas ak kredib. Premye-minis lan di :‘’Malè ak yon minis oubyen yon direktè jeneral,si l mete l sou sèvis yon pati oubyen yon estrikti politik olye li travay pou pèp la’’. 2-Fanmi Jacques Bleck,te pran mikwo laprès lendi ki te 2 mas 2026 sa,pou te denonse disparisyon li depi 18 janvye 2026 nan vil Jakmèl.E fanmi an te anonse yon Mach pasifik jodi mèkredi 4 mas sa . Pitit fi Jacques , Joe Anne Bleck David,fè konnen jou sa a se jeran tè a ki te rele papa l ; e sou telefòn jeran an SDPJ jwenn 42 apèl ant jeran ak avoka pati anfas papa l la nan yon dosye tè ki sitiye zòn Meyè . Li di,li santi papa l poko mouri e mande lajistis ak Lapolis fè travay yo . #sekirite #laprèss #alixdidierfilsaimé #minis #premyeminis #pnh #nouvogouvènman #paknasyonal