У нас вы можете посмотреть бесплатно Haitian Kreyòl: Altènatif a machine gaz | Alternatives to Gas Fueled Cars или скачать в максимальном доступном качестве, видео которое было загружено на ютуб. Для загрузки выберите вариант из формы ниже:
Если кнопки скачивания не
загрузились
НАЖМИТЕ ЗДЕСЬ или обновите страницу
Если возникают проблемы со скачиванием видео, пожалуйста напишите в поддержку по адресу внизу
страницы.
Спасибо за использование сервиса ClipSaver.ru
Alternatives to Gas Fueled Cars Altènatif a machine gaz Mètòd transpò ap chanje. Plis moun ap esaye nouvo mwayen pou rive kote yo prale ki koute mwens kòb, kreye mwens polisyon e pwoteje santè kominotè nou yo. Ann gade kek opsyon ki te ka ranplase machine ki boule gaz e koman yo te ka entegre nan lavi w. Transpò se youn nan pi gwo sous polisyon ki kontribye nan chanjman klima. Machin ki mache ak gaz lage gaz kabonik ak lòt polisyon chak fwa nou kondi yo. Genyen lòt opsyon ki poliye mwens - tankou machine eletrik oubyen hybrid, bekan elektrik (ke moun konn rele i-bikes), transpò piblic tankou train e bis - yo sèvi ak eneji ki pi pwòp oubyen yo pi bon pou anviwonman an. Lè w chwazi yon mwayen transpò ki pi pwòp pou menm yon sèl deplasman pa jou sa ka genyen enpak - pou lè nou respire e klima nou pataje. Aktiyèlman, wap genyen plis opsyon transpò. Genyen machine eletrik ki rele “IV” machine hybrid ki ploge nan kouran, machine hybrid e bekan elektrik epi transpò piblik tankou bis e train. Pa genyen yon sèl opsyon ki te ka mache pou tout moun - men ansanm yo ka fè yon sistèm transpò ki pi pwòp e pi byen mache pou tout moun. Machine Elektrik oubyen “IV” se machine ki mache 100% ak kouran. Yo pa genyen polisyon monflè, kidonk yo pi swa, fè mwens bwi e yo vreman efikas. “IV” se yon mwayen pou deplase ki vin pi polilè. Yo pa genyen tank gaz e yo pa genyen monflè. Yo genyen mwen pyes kap bouje ansanm - sa vle di yo genyen mwens pyès pou ranje e w pa bezwen chanje lwil. Majorite model sa yo ka fè 200 a 300 miles si yo te chaje nèt epitou estasyon pou chaje machine sa yo vin pi komen. Si w chaje machine lan lakay ou chak nwit ou ka deplase chak maten ak yon batri plen. Si w pa pare pou sèvi ak machine elekrik nèt, machine hybrid ki ka chaje ak kouran se yon bon opsyon pou komanse chanjman an. Machine hybrid yo sèvi ak ni gaz ni batri fò pou ekonomize gaz epi yo pa bezwen chaje menm. ‘Plug-in Hybrids’ se machine ki sèvi ak kouran e batri pou vwayaj kout epi yo ka sèvi ak gas pou wout ki pi long. Yo chanje ant gaz e kouran otomatik pou yo pi efikas. Plug-in hybrid kapab mache ak eletriste selman pou majorite ti wout lokal epi li chanje otomatik a gaz pou wout ki pi long. Plug in hybrids vreman fleksib e fyab. Yo ideal pou kay ki pataje machine oubyen fè wout ki varye nan longè. W pap menm remake lè yo chanje sous eneji. Kondwi machine se pa sel mwayen pou deplase. Transpò piblik se yon nan mwayen ki pi efikas pou deplase. Transpò piblik kapab train oubyne bis e yo ka sèvi ak gaz kouran oubyen hybrid. Yo ka ede moun ale pi lwen ak mwens eneji epitou sa ede deminye blokis e wout yo mwens kraze. Chak bis ki plen ka retire plizye douzen machine sou laria e sa redwi blokis, emisyon e fè wout yo kraze mwens rapid. Ak lojisyel telefon w ka konnen ki lè bis oubyen train ta sipoze rive. Transpò ka yon mwayen fiyab e ekonomik pou deplase. “E-Bikes” oubyen “E-bicycles” se bekan ki sèvi ak yon motè kouran pou ede w pandan wap pedale. Yo bon pou wout kout pou fè makèt lokal - yo rapid, ekonomik e yo genyen anpil pwisans pou monte monn. Yon ‘e-bike’ ka sèvi pou anpli deplasman machine e souvan w rive pi rapid. Se yon mwayen aktif, ekonomik e w ka enjoy li. Transpò ki pi pwòp konn koute mwens anjeneral. Lè w sèvi ak kouran se tankou wap peye selman yon dola pa gallon. Machine elektrik e machine hybrid mande mwens metnans, pa mande chanje lwil e genyen mwens pyès pou ranplase. E-bikes koute mwenske yon dola pou rechaje. Yon kat bis pou yon mwa ka fè w ekonomike de santèn konpare ak tout depans machine. Anplis w ka kalifye pou yon rabè nan men konpayi kouran lè w sèvi ak machine kouran. Epitou lameri oubyen gouveneman ka ofri lòt rabè pou fè l menm plis ekonomik - sitou si w achte machine eletrik dezyem oubyen si granmoun lakay w genyen mwayen ekonomik limite. Yon rabè se kòb w rejwen APRE w te achte l tout bon. Sa vle di w ka bezwen peye pri nòmal pou achte yon bekan kouran epi mande yon rabè sou pwofoma kouran an. Nènpòt opsyon w chwazi, kek nouvo abitid ka fè chak deplasman pi pòp e mwens chè. Sonje, planifye davans. Mete plizye deplasman ansanm pou ekonimize tan e eneji. Kondwi swa. Lè w akselere e frene dousman sa pwolonje kantite miles machine elektrik w ka fè e sa ekonimize gaz ak machine hybrids. Si w ploge machine elektrik w nan nwit la koute mwens paske frè kouran yo mwenschè pandan nwit. Esaye yon bekan elektrik oubyen bis pi souvan. Menm yon jou san machine pa semen ka fè w ekonomize kòb e redwi emisyon. Epitou sa redwi metnans sou machine pèsonèl w. Sonje w ka pran swen ekipman w. Tcheke nivo presyon kawouchou, fè metnans sou batri epi sere bekan elektric w andan pandan livè. Denye konsey se pou konwi ansanm. Woulib e pataje ti bis redwi emisyon e fè w konekte ak vwazen e kolèg w yo.